YON DYAGNOSTIK

drapo ayisyen
18 me 1803 - 18 me 2012
Sa fè 209 lane depi ke nou gen pwòp drapo nou kap flote sou tèritwa nou, yon bagay ke anpil lòt peyi pat ka fè nan epòk sa paske yo te anba okipasyon toujou, tandike nou menm nou tap vanse vè endependans nou, apre 18 me, se te 18 novanm kote n' te fè batay vètyè jis nou te rive nan 1e janvye 1804 pou n' te pran libète nou ak tout dwa n' ki tap pase anba pye blan franse depi lè ke n' te soti an Afrik.

Jodia nou sipoze fè yon dyagnostik pou nou wè eske nou jwi endepandans lan, eske nou respekte san zansèt yo ki te koule pou 18 me a, pou 18 novanm pou yo te ban nou libète.

Yon dyagnostik pou nou wè ki kote nou prale apre 209 lane libète, wi 209 lane paske depi lè nou te gen drapo a nou te lib, paske drapo siyifi libète.

Yon dyagnostik pou nou wè eske si nou te respekte drapo nou, tout san sa ta koule nan dechoukaj prezidan Aristid, eske si nou te respekte drapo nou tout pitit tè dayiti sa yo ta mouri 12 janvye 2010, wi tranbleman de tè ta pase, men tout kretyen vivan sa yo pata mouri si nou pat ignoran twòp.

Yon dyagnostik pou nou wè si ke nou te gen tèt ansanm, Ayiti pa ta nan sityasyon ke li ye jodia, wi nou te gen plis richès ke Dominikani, men pandan ke Dominiken tap mete tèt ansanm pou yo fè richès pa yo grandi, nou menm se divisyon nou tap kreye pou chak moun te ka pran ti pòtyon pa yo.

Wi nou sipoze fè yon dyagnostik pou nou wè sak pase nou ayisyen, pou nou mande kote ayisyen ki te fè Sitadèl Laferyè yo, poun chèche konnen kisa Dessalines, Christophe te gen anplis nou, pou n’ wè kisak fè yo te renmen ayiti konsa.

Wi nou sipoze fè yon aktyon, sak konn priye, priye, sak konn jete dlo, jete, paske Ayiti paka rete konsa e sa kap soufri yo paka tann toujou, sinon yap fini pa trepase.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire